Close Menu
Miami Malpractice Lawyer
Avoka pou erè medikal & Avoka pou frakti nan kò ki travay nan tout Eta Florid la Telefone nou 24 sou 24, chak jou pou nou analize ka w la GRATIS 866-511-3321
Kontakte nou tousuit English En Español

Prekosyon n ap pran. N ap kontinye travay.

Men yon mesaj Jonathan Freidin voye pou nou:

Jonathan FreidinMalgre tribinal yo kab fèmen nan moman difisil sa a, kabinè nou an toujou pare pou travay pou kliyan nou yo epi sou ka n ap defann yo. Pou nou pwoteje sante anplwaye nou yo ak sante kominote nou yo, n ap sèvi ak teknoloji pou nou pèmèt tout moun nan biwo nou an travay lakay yo jiska nouvèl òd. Sa pèmèt nou kontinye fè bon travay kliyan yo atann de nou epi travay yo merite, pandan n ap pwoteje anplwaye nou yo ak moun nan kominote a.

Nou vle asire tout kliyan nou yo, lòt kabinè ki refere kliyan ban nou, epi tout zanmi nou biwo nou ap toujou ret ouvè epi anplwaye nou yo ap kontinye travay chak jou pandan yo lakay yo.

Se sèten ap gen reta ak enkonvenyans nan travay nou yo, sitou akòz tribinal yo ki fèmen yo kounye a; men n ap fè tout sa ki posib pou nou minimize nenpòt enkonvenyan nan ka n ap travay sou yo kounye a. Epi, kòm dabitid, n ap toujou disponib 24 sou 24, chak jou nan semenn nan pou nou pale ak kliyan ki fè lide pran sèvis nou ak avoka ki fè lide refere kliyan ban nou.

Si w bezwen nenpòt bagay oubyen ou ta gen nenpòt kesyon, n ap reponn tout imel epi n ap reponn tout apèl telefòn, kòm si se nan biwo a nou chita.

Sitiyasyon an ap chanje chak jou, m ap ankouraje w klike sou sit wèb ki pi ba yo pou nou al sou CDC epi sou Florida Department of Health pou nou suiv sa k ap pase.

Kenbe kò w an sante, pwoteje tèt ou, epi suiv nouvèl yo!
-Jonathan

Pou plis enfòmasyon sou Coronavirus a tanpri vizite sit entènèt CDC oswa FDOH lyen ki anba a.

  • CDC
  • Florida Health
Pataje paj sa a:
Facebook LinkedIn